GTA 6 : Lè tan konsomatè a tounen yon richès kapital

Lè Rockstar Games ak Take-Two Interactive te fikse lansman Grand Theft Auto VI pou 19 novanm 2026, tout mond lan te rete je louvri devan yon nouvo gwo evènman komèsyal. Men, dèyè siksè sa a gen yon kesyon ki nesesè nou ka poze: ki sa yon moun posede vrèman lè l peye pou yon pwodwi dijital? Ant Steam, The Crew ak GTA Online, tribinal yo ak mouvman sitwayen yo ap montre kijan acha ap tounen yon dwa aksè ki ka retire, pandan tan jwè a, atansyon li ak travay gratis li ap tounen matyè premyè kapitalis platfòm lan. Se avni pwopriyete, dwa konsomatè ak souverènte nou nan epòk dijital la ki an jwèt.

Entwodiksyon

Pandan plizyè syèk, pwopriyete te youn nan fason ki pi senp pou yon moun jwenn yon ti pouvwa sou lavi li. Moun ki achte yon liv, yon disk oswa yon machin vin gen yon seri dwa sou byen sa a. Li ka konsève l, sèvi ak li, prete l oswa revann li, nan limit lalwa fikse yo. Nan modèl klasik sa a, relasyon ant achtè a ak vandè a fini lè peman an fèt.

Ekonomi dijital la vini boulvèse lojik sa a. Yon konsomatè kapab peye tout pri yon jwèt videyo, telechaje l sou aparèy li, pase plizyè santèn èdtan ap jwe l, achte kontni adisyonèl epi bati yon eksperyans pèsonèl atravè yon kont li louvri sou yon platfòm. Tout sa gen yon valè ekonomik ak yon valè emosyonèl. Sepandan, aksè li genyen nan pwodwi a ka toujou depann de yon lisans, yon kont itilizatè, yon sèvè oswa yon otorizasyon yon konpayi prive. Men nan tout sa gen yon kontradiksyon fondamantal : konsomatè a peye pou yon byen, men kapasite li pou l sèvi ak byen sa a rete anba kontwòl yon lòt aktè ekonomik.

Lansman Grand Theft Auto VI (GTA 6), ki te pwograme pou 19 novanm 2026, ofri yon bon pwen depa pou analize chanjman sa a. Rockstar Games ak konpayi manman li, Take-Two Interactive, okipe yon plas santral nan endistri jwèt videyo a. Men pwoblèm nan depase yon sèl jwèt ak yon sèl konpayi. Li konsène tout yon sistèm kote pwopriyete, itilizasyon, aksè ak kontwòl ap separe youn ak lòt pi plis chak jou.

Pou n konprann mouvman sa a, nou pral swiv twa aks. Premye a se transfòmasyon dwa pwopriyete nan anviwònman dijital la. Dezyèm lan se kapasite konpayi yo genyen pou yo kontwole enfrastrikti eksperyans konsomatè a. Twazyèm nan se fason tan ak aktivite itilizatè yo tounen yon resous ekonomik, yon kapital ki pa janm parèt sou okenn fakti.

I. Lè achte pa vle di posede

Nan ekonomi tradisyonèl la, dwa pwopriyete se youn nan baz relasyon ekonomik yo. Achte yon pwodwi materyèl bay konsomatè a yon seri dwa sou byen sa a. Men, ak devlopman distribisyon dijital la, konpayi yo enpoze yon lòt modèl kote konsomatè a pa jwenn menm nivo kontwòl sou sa li peye a.

Nan sektè jwèt videyo a, chanjman sa a pase sitou atravè lisans itilizasyon. Lè yon moun achte yon jwèt sou yon platfòm tankou Steam, li pa nesesèman achte yon kopi li ka transfere libelibè bay yon lòt moun. Li jwenn yon dwa itilizasyon ki defini nan kondisyon kontra platfòm nan. Dwa sa a ka mare ak yon kont pèsonèl, yon sistèm otantifikasyon oswa yon sèvis sou entènèt.

Diferans lan pa sèlman teknik, li gen konsekans ekonomik ak jiridik tou. Yon moun ki posede yon disk fizik ka, an prensip, kontinye sèvi ak li menm si magazen ki te vann li a fèmen. Men yon konsomatè ki achte yon jwèt dijital ki depann de sèvè yon konpayi riske pèdi kapasite pou l itilize pwodwi a si konpayi an deside sispann sèvis ki nesesè pou jwèt la mache. Relasyon konsomatè a ak pwodwi a pa fini ak acha a. Li kontinye depann de relasyon li ak antrepriz ki kontwole enfrastrikti dijital la.

Se konsa nati pwopriyete a ap chanje. Nou sòti nan yon modèl kote konsomatè a kontwole yon byen pou n antre nan yon modèl kote li jwenn yon dwa aksè ki toujou kondisyonèl. Sa pa vle di tout pwodwi dijital fonksyone menm jan, ni tout lisans gen menm limit. Men yon tandans estriktirèl parèt: kontwòl sou itilizasyon an ka rete nan men pwodiktè a oswa distribitè a menm lè konsomatè a fin peye. Rete pou n wè kijan tribinal yo ak konpayi yo ap konsolide tandans sa a, nan de fason ki konplemantè.

II. Ka Valve ak Steam: batay pou dwa revann jwèt dijital yo

Nou ka analize sa 2 fason , premye a se pran l pou yon byen ou pa ka revann.

Youn nan ka ki pi revelatè yo se konfli ki te opoze òganizasyon fransè UFC-Que Choisir ak Valve, konpayi ki posede platfòm Steam. Nan dat 28 desanm 2015, UFC-Que Choisir te pouswiv Valve devan lajistis nan Lafrans. Òganizasyon an te konteste plizyè dispozisyon nan kondisyon itilizasyon Steam, sitou entèdiksyon ki te anpeche itilizatè yo revann oswa transfere jwèt yo te achte sou platfòm nan bay lòt moun.[1] Kesyon esansyèl la te senp: èske yon konsomatè ki achte yon jwèt videyo sou entènèt ta dwe kapab revann li menm jan li ta revann yon jwèt li te achte sou yon disk fizik?

Premye desizyon an te favorab pou UFC-Que Choisir: an 2019, Tribinal premye enstans Pari a te ba li rezon sou kesyon revann jwèt dijital yo. Men an 2022, Kou Dapèl Pari a te ranvèse desizyon sa a. Finalman, nan dat 23 oktòb 2024, Kou Kasasyon Lafrans te rejte rekou UFC-Que Choisir te depoze a, e konsa li te konfime pozisyon ki te favorab pou Valve.[1][2][6]

Sa ki fè dosye sa a enpòtan se pa sèlman rezilta legal la, men rezonman jiridik ki dèyè li. Poukisa revann yon lojisyèl òdinè pa menm bagay ak revann yon jwèt videyo? UFC-Que Choisir te apiye sou yon direktiv Ewopeyen 2009 ki konsène pwoteksyon legal pwogram enfòmatik yo. Direktiv sa a prevwa yon mekanis yo rele « épuisement du droit de distribution » (epizman dwa distribisyon). An prensip, li pèmèt yon moun ki jwenn yon kopi lojisyèl legalman revann kopi sa a bay yon lòt moun, nan kondisyon lalwa fikse yo. Se prensip sa a Tribinal Jistis Inyon Ewopeyen an te aplike nan dosye UsedSoft kont Oracle an 2012, lè li te rekonèt posiblite pou revann kèk lisans lojisyèl telechaje, depi kondisyon legal yo satisfè.[3]

Men jwèt videyo a pa yon lojisyèl òdinè. Li pa sèlman yon pwogram enfòmatik: li gen grafik, mizik, senaryo, pèsonaj, animasyon, eleman odyovizyèl ak lòt kreyasyon entèlektyèl ki fòme yon travay konplèks. Se sou diferans sa a Kou Kasasyon an te chita nan desizyon 23 oktòb 2024 la. Li te konsidere jwèt videyo a kòm yon travay konplèks ki pa ka redui a yon senp pwogram enfòmatik, kidonk li te rejte aplikasyon mekanis revann lojisyèl òdinè a nan ka kopi dijital jwèt videyo yo.[1][2]

Konsekans ekonomik la gwo. Nan mache pwodwi fizik yo, dezyèm men se yon pati nòmal nan sik lavi yon pwodwi. Lè lalwa pa rekonèt posiblite pou revann yon kopi dijital, konsomatè a pèdi yon dwa ekonomik li te toujou genyen sou pwodwi fizik yo: dwa pou transfere bay yon lòt moun byen li te achte a. Konpayi ki kontwole distribisyon an kenbe yon monopòl sou sikilasyon kopi dijital yo. Sa pa vle di desizyon an te bay Valve dwa pou l fè sa li vle ak kont itilizatè yo. Li vle di yon bagay ki pi presi: nan dosye sa a, pi gwo tribinal fransè a pa t rekonèt yon dwa jeneral pou revann kopi dijital jwèt videyo sou baz prensip legal yo te prezante a. Se yon diferans fondamantal, paske dwa pwopriyete sou yon pwodwi, dwa otè sou yon travay ak dwa itilizasyon yon konsomatè se twa bagay ki pa menm.

Dezyèm fason an se lè byen yo efase nan men ou.

Si Steam montre konsomatè a pa ka transfere sa li achte a, The Crew montre yon lòt fas dispozisyon an. Se kote yon konpayi ka retire aksè konsomatè a nan yon pwodwi li te deja peye. The Crew se yon jwèt kous Ubisoft te pibliye an 2014. Jwèt la te depann de yon enfrastrikti sou entènèt pou l fonksyone. Nan mwa Avri 2024, apre Ubisoft fin fèmen sèvè jwèt la, li te vin enposib pou itilizatè yo kontinye jwe l. Menm moun ki te peye pou jwèt la te pèdi posiblite pou yo sèvi ak li. Ka sa a te pwovoke anpil kritik nan kominote jwè videyo yo epi li te kontribye nan devlopman mouvman entènasyonal Stop Killing Games.[4][5]

Mouvman an pa mande pou konpayi yo kenbe tout sèvè yo pou tout tan paske yon demann konsa ta ka ekonomikman ireyalis. Sa li mete nan sant deba a se nesesite pou konsomatè yo jwenn yon solisyon rezonab lè yon konpayi deside sispann sipòte yon jwèt. Pami solisyon ki kapab antre nan diskisyon an, gen yon mòd jwèt « offline » lè sa teknikman posib, mwayen pou kominote a kontinye opere kèk fonksyon jwèt la, enfòmasyon klè bay konsomatè yo sou limit ak dire sèvis yo, mezi tranzisyon lè yon konpayi mete fen nan yon pwodwi, epi lojik pou yo pa vann yon pwodwi tankou yon acha dirab lè itilizasyon li depann de yon sèvis ki ka disparèt san pwoteksyon apwopriye. Sa ki enteresan nan mouvman sa a se jan li montre konsomatè yo kapab transfòme yon pwoblèm komèsyal an yon kesyon politik ak legal. Se pa sèlman yon gwoup jwè ki fache paske yo pa ka jwe yon jwèt ankò. Se yon kesyon ki konsène dwa konsomatè, pwoteksyon patrimwàn kiltirèl dijital la ak limit pouvwa antrepriz prive yo sou pwodwi yo mete sou mache a.

Pwoblèm nan pa sèlman konsène yon jwèt ki rive nan fen lavi komèsyal li. Li poze kesyon sou dwa konsomatè yo lè yon konpayi deside retire enfrastrikti teknik ki nesesè pou yon pwodwi fonksyone. Nan dat 31 mas 2026, UFC-Que Choisir te anonse li te pouswiv Ubisoft devan Tribinal jidisyè Créteil, apre fèmti The Crew. Òganizasyon an konteste, pami lòt bagay, dispozisyon kontra ki ta pèmèt konpayi an retire aksè nan jwèt la san li pa bay konsomatè yo yon solisyon altènatif.[4][7] Kesyon jiridik la klè: èske yon pwodwi yo vann anba yon lisans itilizasyon sifi pou jistifye disparisyon total dwa itilizasyon konsomatè a, san okenn mekanis pwoteksyon ki apwopriye?

Sa pa dwe konfonn ak dwa yon konpayi genyen pou l mete fen nan yon sèvis. Yon antrepriz ka gen rezon ekonomik, teknik oswa sekirite pou fè sa. Men sa pa efase obligasyon li genyen anvè moun ki te achte pwodwi a. Komisyon Ewopeyen an te deja fè konnen, nan yon repons ofisyèl nan mwa jen 2024 sou dosye jwèt ki vin pa fonksyone apre fèmti sèvè yo, ke lejislasyon Inyon Ewopeyen an sou pwoteksyon konsomatè egzije transparans sou karakteristik enpòtan yon òf komèsyal, pwoteje kont pratik komèsyal ak kondisyon kontra ki pa jis, epi prevwa rekou nan ka yon pwodwi pa konfòm. Men li te presize lejislasyon sa a pa fikse yon dire minimòm espesifik pou sèvis jwèt videyo sou entènèt yo.[5] Se la kontradiksyon an pi vizib: yon konsomatè ka peye pou yon pwodwi san li pa gen okenn garanti klè sou dire itilizasyon li.

Ka The Crew pa yon ensidan izole. Li antre nan yon konfli ki pi laj sou fason konpayi jwèt videyo yo defini dwa itilizatè yo nan kondisyon jeneral sèvis yo. Konsomatè a kapab kwè li fè yon tranzaksyon ki ba li dwa pou l sèvi ak pwodwi a, men kondisyon kontra yo ka defini tranzaksyon an yon lòt jan, sitou lè konpayi an prezante acha a kòm yon lisans ki depann de sèvis li ofri. Nan ka The Crew, UFC-Que Choisir konteste plizyè dispozisyon nan kondisyon jeneral Ubisoft yo: sa ki pèmèt konpayi an retire aksè nan jwèt la, absans garanti yon mòd fonksyònman altènatif, ak limit yo mete sou dwa konsomatè yo sou kopi yo te achte.[4] Se yon lòt karakteristik kapitalis dijital la: pouvwa antrepriz la pa fini ak pwodiksyon ak distribisyon yon pwodwi. Li pwolonje rive nan kontwòl kondisyon itilizasyon pwodwi a pandan tout lavi li, atravè yon depandans teknik ak kontra ou souvan oblije aksepte si ou vle achte jwèt la.

Steam ak The Crew se de bò yon menm pyès monnen. Nan yon ka, konsomatè a pa ka fè byen li a sikile. Nan lòt la, li pa ka menm kenbe l. Nan tou de ka yo, se konpayi an ki kenbe kle a. Men poukisa li tèlman tou pre kle sa a? Pa sèlman pou li kontwole pwodwi a. Li gen yon lòt enterè, ki pi diskrè.

III. Tan jwè a, nouvo matyè premyè: lè jwi a tounen travay

Jiskaprezan, analiz la te chita sou sa konsomatè a pèdi: dwa pou revann, dwa pou kontinye sèvi ak sa li peye a. Men gen yon lòt fas ki mande plis atansyon, paske li eksplike poukisa konpayi yo gen tout enterè pou yo kenbe kontwòl sou enfrastrikti a. Sa konsomatè a bay yo pa limite ak lajan an. Li bay yo tan li tou.

Nan endistri jwèt videyo modèn nan, valè yon jwèt pa mezire sèlman ak kantite kopi li vann. Li mezire tou ak kantite tan itilizatè yo pase ladan l, frekans yo retounen sou platfòm nan, entèraksyon yo ak lòt jwè yo, ak lajan yo depanse apre premye acha a. Yon jwèt ki gen yon mond ouvè, misyon regilye, evènman espesyal, kontni adisyonèl ak aktivite sou entènèt ka kenbe yon itilizatè angaje pandan plizyè ane. Nan kontèks sa a, tan pa sèlman yon mwayen pou konsomatè a jwi pwodwi a. Li tounen yon eleman nan modèl ekonomik antrepriz la.

Eksperyans GTA Online se yon egzanp ki montre kijan yon jwèt ka depase lojik yon pwodwi yo achte yon sèl fwa. Li tounen yon anviwònman dijital ki kontinye pwodui aktivite, tranzaksyon ak angajman lontan apre premye acha a. Si GTA 6 swiv menm chemen sa a, kopi jwèt la ta ka pa gen lòt wòl ke sèvi kòm tikè antre nan yon espas kote konsomatè a rete, depanse epi devni yon sous valè pandan plizyè ane. Rockstar Games bati repitasyon li sou jwèt ki ofri gwo eksperyans naratif, mond ouvè ak yon nivo angajman enpòtan nan kominote jwè yo, men sa ki enterese nou isit la se pa kalite grafik li yo, ni siksè komèsyal li. Se lojik ekonomik ki antoure jwèt videyo modèn yo.

Gen yon distenksyon pou n fè. Tout tan yon moun pase ap jwe pa otomatikman tounen revni pou konpayi an. Se modèl ekonomik jwèt la, ansanm ak kapasite antrepriz la pou monetize atansyon, angajman ak aktivite itilizatè yo, ki bay tan sa a yon valè komèsyal. Nan jwèt sèvis sou entènèt yo, antrepriz la ka itilize plizyè mekanis: vant kontni adisyonèl (DLC), mikwo-tranzaksyon, abònman, acha objè kosmetik, sistèm rekonpans ki ankouraje itilizatè yo retounen, evènman tanporè ki kreye yon sans ijans pou patisipe, ak kontni espesyal ki disponib sèlman pandan yon peryòd limite. Se pa tout mekanis sa yo ki gen menm konsekans, ni yo pa nesesèman abizif. Men yo montre kijan yon jwèt ka vin yon anviwònman ekonomik kote atansyon ak angajman itilizatè yo konstitye yon pati nan valè komèsyal pwodwi a.

Chèchè yo gen yon mo pou deziyen enkoyerans sa a: playbor, ki mete ansanm play (jwèt) ak labor (travay). Konsèp la, ki asosye ak travay Julian Kücklich sou kreyatè mòd yo ak ak refleksyon Tiziana Terranova sou sa li rele free labor, di yon bagay senp: nan ekonomi platfòm yo, aktivite plezi a ak aktivite pwodiktif la melanje, epi konpayi an rekòlte nan tou de. Nan modèl ekonomik tradisyonèl la, konsomatè a sitou parèt kòm moun ki achte yon pwodwi pou satisfè yon bezwen oswa yon dezi. Nan ekonomi platfòm yo, wòl sa a vin pi konplèks. Li kreye kontni, kominike ak lòt itilizatè, devlope kominote, pataje eksperyans, fè pwomosyon pou jwèt la gratis epi kenbe aktivite platfòm nan vivan. Yon sèvè “GTA Online” ki vid se yon mond mouri. Se jwè yo ki ba li sa li pa ka fabrike li menm: prezans lòt moun, ritm, istwa ak rimè.

Ekosistèm kreyatè GTA a montre sa byen klè. Kominote modding ak roleplay yo, ki depi lontan ap pwodui kontni ak sèvè alantou jwèt la, se yon travay kreyatif ki fèt deyò konpayi an men ki ranfòse valè pwodwi a. Daprè enfòmasyon piblik yo, Take-Two te rachte Cfx.re, ekip ki dèyè FiveM, nan ane 2023, yon fason pou entegre nan kapital li yon enèji kreyatif ki te fèt deyò li. An 2017, menm konpayi an te voye yon avètisman jiridik bay devlopè “OpenIV”, yon zouti modifikasyon, anvan li te rekile devan pwotestasyon kominote a. De ka sa yo montre yon pozisyon doub: kominote a ankouraje, men sou kondisyon pwopriyetè a.

Gen yon dènye nivo, ki pi envizib ki lye ak done yo. Chak deplasman, chak acha, chak sesyon ak chak abandon se yon enfòmasyon konpòtmantal ki ka sèvi pou ajiste ekonomi jwèt la: kisa pou vann, ki lè, epi ak ki dozaj ijans. Atansyon an tounen konsa yon matyè brit yo rafine pou ogmante angajman. Nan lang Shoshana Zuboff, nou ta di konpòtman jwè yo se yon travay gratis anplis yo rekòlte. Sa pa vle di tout jwè se travayè konpayi an, ni sa pa vle di tout aktivite yo ta dwe peye. Men li nesesè pou nou rekonèt modèl sa a kreye yon relasyon ekonomik kote valè pwodwi a pa soti sèlman nan travay pwodiktè yo, men tou nan aktivite kontinyèl kominote itilizatè yo.

Epi isit la se kote asimetri a pi frapan. Jwè a ede kreye valè a, men aktif yo rete nan men lòt moun: kont lan, mond lan, enfrastrikti a, done yo. Yon jwè ki pase mil èdtan sou yon sèvè pa posede ni sèvè a, ni anviwònman an, ni dwa pou l kontinye jwe si sèvè a fèmen. Konsa, depandans teknik la ak ekstraksyon valè a se de bò yon menm pyès. Menm enfrastrikti ki pèmèt konpayi an revoke aksè a se li ki pèmèt li rekòlte tan an. Nan sistèm sa a, konsomatè a se twa bagay alafwa: kliyan ki peye, kreyatè ki pa peye, epi sijè done ki pa kontwole anyen.

Se nan entèseksyon twa eleman yo nouvo rapò ekonomik la fòme: pwodwi dijital la, ki se byen konsomatè a achte; platfòm nan, ki kontwole aksè ak yon pati nan kondisyon itilizasyon yo; ak konsomatè a, ki kontribye ak lajan, tan, atansyon ak aktivite li. Konsomatè a gen plis kapasite pou jwenn pwodwi dijital pase anvan. Li ka achte yon jwèt nan kèk segonn, telechaje l, jwenn mizajou epi kominike ak jwè ki nan lòt peyi. Men menm devlopman sa a ka diminye kèk nan dwa ekonomik li te konn genyen: revann jwèt li, transfere l bay yon lòt moun, oswa kontinye sèvi ak li si enfrastrikti ki sipòte l la disparèt. Se yon sitiyasyon kote pwogrè teknik pa nesesèman mache ansanm ak plis otonomi ekonomik pou konsomatè a.

Konklizyon: kont teknofeyodalis la, reklame yon souverènte dijital

Kidonk, kesyon an gen limit li byen lwen pase endistri jwèt videyo a. Nan ki limit yon antrepriz prive kapab kontwole yon pwodwi apre li fin vann li bay yon konsomatè? Kesyon sa a gen twa dimansyon. Li jiridik, paske li konsène dwa pwopriyete, dwa otè, lisans ak pwoteksyon konsomatè. Li ekonomik, paske li konsène kapasite konpayi yo pou kenbe kontwòl sou sikilasyon pwodwi yo, kreye depandans epi òganize nouvo sous revni. Li politik, paske li poze pwoblèm distribisyon pouvwa nan ekonomi dijital la.

Kèk analis, tankou Cédric Durand ak Yanis Varoufakis, pale de teknofeyodalis pou deziyen yon lòd kote platfòm yo sanble ak seyè ki posede tè a, pandan itilizatè yo, tankou lokatè, peye pou yo rete sou tè a epi yo bay seyè a fwi aktivite yo. Se pa nesesè pou nou adopte vokabilè sa a san nyans pou nou wè sa l montre: yon dezekilib ant sa nou peye a ak sa nou kontwole a. Pandan plizyè syèk, pwopriyete te reprezante youn nan prensipal mwayen pou moun kontwole richès materyèl yo. Nan ekonomi dijital la, kontwòl sou byen yo ka rete nan men antrepriz ki pwodui, distribye oswa jere sèvis ki nesesè pou itilize yo.

Sa pa vle di nou dwe rejte tout modèl lisans oswa tout sèvis dijital. Gen pwodwi ki egzije antretyen, mizajou, enfrastrikti ak sèvis kontinyèl, epi sèvè ak sistèm sekirite gen depans reyèl. Men bezwen ekonomik sa yo pa ta dwe sèvi kòm yon jistifikasyon otomatik pou retire tout garanti konsomatè yo. Yon konsomatè pa oblije jwenn tout dwa yon otè oswa yon pwodiktè. Men li ta dwe jwenn enfòmasyon transparan sou sa li achte a, sou limit dwa li genyen yo, sou dire sèvis la ak sou kondisyon ki ka fè li pèdi aksè nan pwodwi a. Rejim ki nesesè a ta kapab kòmanse ak kèk prensip senp: yon dire minimòm klè pou sèvis yo, yon plan fen lavi ki bay jwè yo yon fason pou kontinye sèvi ak sa yo te achte, pòtabilite done yo, ak rekou kolektif ki fasilite pou òganizasyon tankou UFC-Que Choisir.

Konsa, deba sou jwèt videyo yo vin yon deba sou avni dwa konsomatè yo nan ekonomi dijital la: posede, itilize oswa senpleman gen aksè? Ka Valve ak Steam lan montre difikilte pou rekonèt dwa revann jwèt dijital yo. Ka The Crew la montre risk ki genyen lè yon pwodwi depann de yon enfrastrikti prive ki ka disparèt. Mouvman Stop Killing Games la montre konsomatè yo ap kòmanse òganize tèt yo pou konteste konsekans modèl sa a. Epi evolisyon jwèt tankou GTA montre kijan tan, atansyon ak aktivite konsomatè yo ka tounen yon pati enpòtan nan modèl ekonomik endistri a. Pwoblèm nan pa sèlman konsène fason nou achte jwèt videyo. Li konsène fason kapitalis dijital la ap redefini relasyon ant moun, travay, konsomasyon ak pwopriyete.

Nou ka poze kesyon sa a: èske nou toujou ap antre nan yon ekonomi kote moun achte byen pou yo posede yo, oswa èske nou ap antre pi plis nan yon ekonomi kote moun peye pou jwenn aksè tanporè nan yon anviwònman antrepriz prive kontwole? Se petèt youn nan pi gwo kontradiksyon epòk dijital la: konsomatè a kapab achte plis bagay pase anvan, men sa pa nesesèman vle di li posede yo plis jodi a. Lè tout bagay disponib nan yon sèl klik, kesyon an rete antye: ki moun ki kenbe kle a?

Nòt ak sous

[1] Cour de cassation, Première chambre civile, 23 octobre 2024, pourvoi n° 23-13.738. Dosye UFC-Que Choisir kont Valve Corporation.

[2] Légifrance, Cour de cassation, 23 octobre 2024, décision n° 23-13.738.

[3] Cour de justice de l'Union européenne, affaire C-128/11, UsedSoft GmbH contre Oracle International Corp., 3 juillet 2012.

[4] UFC-Que Choisir, 31 mars 2026, « L'UFC-Que Choisir assigne Ubisoft en justice suite à la fermeture du jeu The Crew ».

[5] Commission européenne, réponse à la question parlementaire E-001023/24, 5 juin 2024. Delisting / death of video games.

[6] Le Monde, 24 octobre 2024, « Revente de jeux vidéo dématérialisés : la Cour de cassation tranche définitivement en faveur de Valve ».

[7] Reuters, 31 mars 2026, « French consumer group sues Ubisoft over shutdown of online game The Crew ».

Suivant
Suivant

Opération Nayib Bukele en Haïti : une sous-traitance du corollaire de Trump