Kiyès nou ye?

DEBOSTON509 MEDIA Se yon medya sou entènèt ki la pou enfòme, angaje epi edike kominote an atravè nouvèl, kontni orijinal ak listwa entèresan. Medya a pa sou lòd okenn pati politik, gouvènman, gang, gwobiznisman, anbasad oswa òganizasyon entènasyonal. Okenn aktè ekstèn pa gen dwa dikte sa nou pibliye, sa nou kache, oswa jan nou trete yon sijè. Konsèy editoryal la sèl gen otorite sou kontni nou yo.

Verite ak egzaktitid

Nou pibliye sèlman sa nou verifye. Nou toujou chèche omwende sous endepandan pou yon enfòmasyon sansib. Nou fè distenksyon klè ant sa nou konnen, sa nou kwè, ak sa nou pokokonnen.

Separasyon fè ak opinyon

Nouvèl, ankèt, editoryal ak opinyon se kategori diferan, epi lektè a dwe ka rekonèt yo aklè. Yon ankèt pa dwe pote pwòp opinyon jounalis la. Chak tèks opinyon dwe make pou sa li ye.

Ekilib ak dwa pou reponn

Nou pa pretann rete san okenn pozisyon devan koripsyon, vyolans oswa vyolasyon dwa moun, men nou rete jis. Tout moun oswa enstitisyon nou akize dwe gen chans pou reponn anvan piblikasyon an, epi repons li a dwe parèt nan tèks la. Si li refize, n ap di sa pou evite tout konfizyon.

Transparans

Nou eksplike jan nou travay. Nou di ki jan nou jwenn enfòmasyon yo, ki limit ankèt la genyen, ak ki moun ki finanse nou.

Lang

Kreyòl se lang prensipal medya a, paske se lang tout Ayisyen pale. Franse ak lòt lang yo itilize lè sa nesesè pou rive jwenn lòt piblik. Nou ekri ak pale klè, san jagon ki ta vle lèse yon kategori moun sou kote.

Pliralis ak reprezantasyon

Nou pran responsablite pou varye vwa ki tande nan medya a: ant gason ak fanm, vil ak pwovens yo, jèn ak ansyen, moun ki gen resous ak moun ki pa genyen.

Liy politik nou

Nou se yon medya ki jwenn valè li nan panse politik akekonomik lagoch, nou pa sipòte okenn pati ( si ap gen youn , n ap di di sa ouvètman), kandida, oswa gouvènman. Men nou pa sispann poze kesyon sou pouvwa a, kèlkeswa kiyès ki nan li.

Misyon nou

  • Bay enfòmasyon alè, ki enpòtan e ki itil

  • Bay moun yon espas pou yo pataje istwa ak eksperyans yo

  • Mete kilti ayisyen an, biznis yo, kominote yo ak talan yo an valè