Espò se plis pase yon egzèsis fizik, se yon sous enspirasyon, se pasyon, disiplin ak inite pou tout lemonn antye
-
Espò, yon mo ki vin itilize pi resamman nan lang fransè a (19yèm syèk), se yon aktivite ki gen règ byen defini, ki òganize epi ki rekonèt kòm yon enstitisyon. Ou ka pratike l poukont ou oswa an gwoup. Espò gen ladan l diferan fòm antrènman, konpetisyon oswa pèfòmans ki byen estriktire, kit li mande yon efò fizik dirèk, yon kapasite pou fè mouvman avèk kò a, oswa yon bon metriz teknik. Espò se passion, lajwa ak distraksyon.
-
Espò, yon fenomèn nan peryòd anvan 19yèm syèk la yo pat rele fason sa ( men yo te pito pale de jimnastik oswa egzèsis fizik; gade Pociello, C., Sosyoloji espò, 1983), se yon fenomèn ki prèske prezan tout kote nan tan ak nan espas kote moun ap viv. Grès Antik, Wòm Antik, Bizant, Lwès Ewòp nan Mwayennaj yo epi nan epòk modèn nan. Men tou, Amerik anvan kolonizasyon an ak Azi, tout te make pa enpòtans moun te bay divès kalite pratik fizik. Gen kèk peryòd nan listwa ki te sitou make pa entèdiksyon.
-
Gen plizyè kalite dissiplin spòtiv ki egziste toupatou nan monn n ap viv jodia a. Yo rive klase yo nan plizyè kategori selon tèren ak materyèl yo itilize pou yo an. Pou ede n distenge yo, yo klase yo konsa ; spò kolektiv, spò konba , spò endividyèl ansanm ak spò glise epi mekanik.